Chèche konnen kijan pou enskri kòm yon Ofisyèl Deziyen oubyen otorize yon Itilizatè Deziyen nan yon Kont Enpo Biznis.
Nivo aksè a depann de wòl moun nan ak kalite antite a:
Ofisyèl Deziyen
Wòl Ofisyèl Deziyen an disponib sèlman pou sosyete S ak sosyete C.
Yon Ofisyèl Deziyen kapab:
- Jwenn aksè a tout detay kont lan
 - Aji nan non antite ki nan kont lan
 - Ajoute epi jere aksè pou Itilizatè Deziyen yo
 - Retire yon lòt Ofisyèl Deziyen nan kont lan
 
Yon Ofisyèl Deziyen dwe gen tout bagay sa yo:
- Yon ofisye (prezidan, vis prezidan, PDG, Direktè Finansye, Direktè Operasyon, sekretè, trezorye) oswa yon manm jesyon antite a
 - Yon anplwaye aktyèl ki te resevwa yon W-2 pou dènye ane deklarasyon enpo a
 - Otorize pou angaje biznis la oswa antite a legalman
 
Yon kont ka gen plis pase yon Ofisyèl Deziyen. Sa ka asire kontinwite si yon Ofisyèl Deziyen mouri oswa separe ak biznis la. Chak Ofisyèl Deziyen dwe enskri separeman.
- Prepare enfòmasyon sa yo nan biznis la:
	
- Nimewo idantifikasyon anplwayè (EIN)
 - Dènye deklarasyon enpo sou revni ki te ranpli a
 - Adrès fizik oswa adrès postal ki soti nan dènye dosye IRS yo
 
 - Konekte (an anglè) sou Kont Enpo Biznis ou an. Si ou pa gen yon kont IRS, kenbe pyès idantite w ak foto w pare.
 - Swiv etap sa yo pou enskri kòm yon Ofisyèl Deziyen.
 - Lè ou resevwa kòd PIN lan nan lapòs, konekte pou aktive wòl Ofisyèl Deziyen ou an.
 
Yon Ofisye Deziyen oswa yon pwopriyetè sèl ka otorize yon Itilizatè Deziyen. Swiv etap sa yo:
- Konekte (an angle) sou Kont Enpo Biznis la.
 - Ale nan Pwofil epi chwazi Jere Aksè.
 - Chwazi Ajoute Itilizatè, answit antre non Itilizatè Deziyen an ak nimewo sekirite sosyal li oubyen ITIN li.
 - Chwazi fòm enpo (an angle), peryòd enpo ak pèmisyon Itilizatè Deziyen an ka jwenn aksè.
 - Revize, siyen elektwonikman epi soumèt.
 
Itilizatè Deziyen an dwe konekte sou Kont Enpo Biznis la epi siyen elektwonikman pou aksepte aksè a.
Ofisyèl Deziyen an dwe revalide wòl yo chak ane pou kenbe aksè nan Kont Enpo Biznis yo. Peryòd revalidasyon an se 6 semèn nan mwa jen ak jiyè. Ofisyèl Deziyen an pral resevwa yon notifikasyon nan kont enpo biznis la pandan peryòd sa a. Si yo pa revalide, Ofisyèl Deziyen an pral bezwen mande aksè nan kont la ankò.
Itilizatè Deziyen
Yon Itilizatè Deziyen dwe gen otorizasyon nan men yon Ofisyèl Deziyen oswa yon pwopriyetè sèl.
Yon Itilizatè Deziyen kapab:
- Gen aksè a peryòd enpo espesifik ke Ofisyèl Deziyen an otorize.
 - Gade ak/oswa fè peman ki gen rapò ak fòm enpo (an angle) ki otorize pa Ofisyèl Deziyen an.
 
Yo pa kapab:
- Jere aksè
 - Aksepte oswa rejte demann otorizasyon yo
 
Yon Itilizatè Deziyen dwe alafwa:
- Yon moun ki gen yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oswa yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN).
 - Otorize pa yon Ofisyèl Deziyen oswa yon pwopriyetè sèl
 
Yo pa bezwen yon patnè, aksyonè oswa ofisye nan biznis la oswa antite a.
Yon Itilizatè Deziyen dwe revalide pa yon Ofisye Deziyen oswa yon pwopriyetè sèl chak janvye ak jen pou l ka kenbe wòl li.