Konprann Fòm 1099-K ou a

Fòm 1099-K se yon rapò sou tout peman ou te resevwa pandan ane a nan:

  • Kat kredi, kat debi oswa kat ki gen valè ki estoke tankou kat kado (kat peman yo)
  • Aplikasyon peman yo oswa mache anliy yo (rezo peman tyès yo)

Òganizasyon sa yo gen obligasyon pou ranpli Fòm 1099-K a bay IRS, epi ba w yon kopi.
Sèvi ak Fòm 1099-K ak lòt dosye fiskal yo pou ede kalkile ak rapòte revni taksab ou lè ou deklare taks ou.
Èske w te resevwa yon Fòm 1099-K? Chèche konnen kisa pou w fè avè l sou IRS.gov/1099khelp.

Sou paj sa a

Kiyès ki voye Fòm 1099-K

Konpayi kat peman yo, aplikasyon pou peman yo ak mache anliy yo gen obligasyon voye Fòm 1099-K a bay IRS. Yo dwe voye tou yon kopi fòm lan bay kontribyab yo anvan 31 janvye.

Kiyès ki resevwa Fòm 1099-K

Ou ta dwe resevwa Fòm 1099-K a pou sitiyasyon sa yo:

Si ou te resevwa kèlkeswa peman yo ak kat peman pou machandiz ou vann oswa sèvis ou te rann

Si kliyan yo peye w dirèteman ak kat kredi, kat debi, oswa kat kado, w ap resevwa yon Fòm 1099-K nan men konpayi ki jere tranzaksyon kat peman yo kèlkeswa kantite peman ou te resevwa a oswa ki valè kòb yo te ye.

Chèche konnen kisa pou w fè ak Fòm 1099-K.

Retounen anlè

Si w te itilize yon aplikasyon pou peman oswa mache sou entènèt

Yon aplikasyon peman oswa mache sou entènèt gen obligasyon pou voye yon Fòm 1099-K ba ou si w te resevwa peman pou machandiz ki vann oswa sèvis ki te rann ki totalize plis pase $20 000 nan plis pase 200 tranzaksyon. Sepandan, yo ka voye yon Fòm 1099-K ba ou pou yon montan ak/oswa tranzaksyon ki pi piti tou.

Peman yo te gendwa soti nan nenpòt nan mwayen sa yo :

  • Aplikasyon peman
  • Mache kominotè anliy
  • Mache atizana oswa fabrikan yo
  • Sit vant ozanchè
  • Platfòm pataj machin oswa lokasyon machin ak tout chofè
  • Sit pou chanje oswa revann biyè
  • Platfòm pou kolekte lajan (leve fon)
  • Mache pou travayè endepandan

Si w te aksepte peman sou diferan platfòm, ou ka resevwa plizyè Fòm 1099-K.

Chèche konnen kisa pou w fè ak Fòm 1099-K.

Retounen anlè

Maj deklarasyon an

Òganizasyon règleman pati tyès (TPSOs) - ki vle di (aplikasyon peman ak mache sou entènèt) - yo oblije rapòte peman sou Fòm 1099-K lè kantite lajan total peman ou resevwa pou machandiz oswa sèvis nan platfòm lan depase $20 000 nan plis pase 200 tranzaksyon. Ou ka resevwa yon Fòm 1099-K menm lè peman oswa tranzaksyon total la mwens pase sèy deklarasyon an. Kèlkeswa montan peman ki rapòte a, si ou resevwa peman pou machandiz ou vann oswa pou sèvis ou rann, ou dwe deklare tout revni sou deklarasyon taks ou.

Rapèl: Kit ou resevwa yon Fòm 1099-K oswa ou pa resevwa, ou dwe toujou rapòte tout revni w sou deklarasyon taks ou. Sa gen ladan l peman pou nenpòt machandiz ou vann (ki gen ladan atik pèsonèl tankou rad oswa mèb ou vann nan yon pwofi) oswa sèvis ou bay.

Retounen anlè

Peman pèsonèl ki soti nan men zanmi ak fanmi

Lajan ou te resevwa nan men zanmi ak fanmi kòm kado oubyen ranbousman pou yon depans pèsonèl pa dwe deklare sou Fòm 1099-K. Peman sa yo pa revni pou moun peye taks sou yo.

Pa egzanp : Pataje depans yon kous machin oswa manje ki achte, resevwa lajan pou fèt nesans oswa kado nan sezon fèt oubyen ranbousman yon kolokatè bay pou lwaye oswa depans kay la.

Asire w ou make kalite peman sa yo kòm peman ki pa an rapò ak biznis lè sa posib nan aplikasyon peman yo.

Swiv etap sa yo si w resevwa yon Fòm 1099-K pa erè.

Retounen anlè