Rekipere PIN pwoteksyon idantite ou (IP PIN)

IP PIN unavailable: Nov. 16, 2025 – January 2026

The IP PIN service is unavailable in Individual Online Account during this annual maintenance period.

Please check back in January to get or view an IP PIN in your online account.

Si yo te ba w yon PIN pwoteksyon idantite (IP PIN) epi w te pèdi li oswa ou pa t resevwa yon Avi CP01A (an anglè), w ap bezwen rekipere IP PIN ou an sou Entènèt oswa mande pou n ba w li ankò pou w evite reta nan pwosesis la.

Si ou ranpli deklarasyon ou san IP PIN ou an

  • Nou pral rejte deklarasyon elektwonik ou a.
  • Nou pral gade papye w la pou verifye idantite w, sa pral retade ranbousman w lan.

Yo te ba w yon IP PIN si

  • Ou se yon viktim vòl idantite.
  • Ou te chwazi resevwa yon IP PIN.

Kòman pou w rekipere IP PIN ou sou entènèt

  • Ou ka sèvi ak kont sou entènèt ou a pou rekipere IP PIN aktyèl ou a. IP PIN ou an disponib nan paj “Pwofil” ou a. Si w pa genyen yon kont sou IRS.gov, y ap mande w pou w kreye yon kont epi valide idantite w.

Remak: Yon IP PIN pou depandan ki minè pa ka rekipere sou entènèt. Pou rekipere yon IP PIN pou depandan minè rele 800-908-4490.

Kòman yo ka bay ou IP PIN ou an ankò

  • Ozetazini rele 800-908-4490, Lendi-Vandredi, 7 am jiska 7 pm lè lokal (Alaska ak Hawaii swiv Lè Pasifik la).
  • Itilizatè entènasyonal yo rele 267-941-1000 (pa nimewo gratis la) ant 6 am ak 11 pm ET.

Remak: Si w kapab verifye idantite w ak yon asistan nan telefòn, y ap voye IP PIN ou a pa lapòs nan 21 jou nan adrès ki nan dosye IRS la.

IP PIN ou a pa kapab vini ankò pa lapòs si

  • Ou te patisipe nan pwogram IP PIN sou entènèt apre 2019.
  • Se apre 14 oktòb epi ou poko ranpli Fòm 1040 oswa 1040-SS ou kounye a oswa ane avan yo.

Si IP PIN ou a pa ka bay ankò epi ou pa ka kreye oswa jwenn aksè nan yon kont sou entènèt, poste yon deklarasyon enpo sou papye san IP PIN ou. Nou pral gade deklarasyon ou a pou konfime ke ou te ranpli li, men sa ka retade ranbousman ou an.

Pa ranpli Fòm 15227 si yo deja ba w yon IP PIN. Fòm sa a se sèlman pou nouvo demann pou patisipe nan pwogram IP PIN la.