Tout kontribyab gen dwa a finalite afè fiskal yo

Konsèy Fiskal IRS 2025-54, 5 Dawout 2025

Dapre lalwa, tout kontribyab gen dwa a finalite lè yap travay avèk IRS la. Parekzanp, kontribyab yo gen dwa pou yo konnen kilè IRS la fini yon odit. Sa se youn nan dis (10) dwa fondamantal yo — yo konnen sou non Deklarasyon Dwa Kontribyab yo.

Men kisa kontribyab yo dwe konnen apwopo dwa pou finalite yo:

  • Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen:
    • Kantite tan maksimòm yo genyen pou kontrekare pozisyon IRS la.
    • Maksimòm tan IRS la genyen pou bay odit sou yon ane fiskal an patikilye oswa kolekte yon dèt fiskal.
    • Kilè IRS la fini yon odit.
  • Jeneralman IRS la genyen twa (3) lane apati dat kontribyab yo depoze deklarasyon yo pou li evalye tout taks adisyonèl pou ane fiskal sa.
  • Genyen kèk eksepsyon limite nan règ twa (3) lane a, tankou lè kontribyab yo pa depoze deklarasyon yo kèk ane espesifik oswa depoze fo deklarasyon oswa deklarasyon ki gen fwod. Nan ka sa yo, IRS la kapab evalye taks pou ane sa nenpòt lè.
  • Jeneralman IRS genyen 10 lane apati dat evalyasyon an pou li kolekte taks ki pa peye yo. IRS la kapab pwolonje peryòd 10 lane sa a sof si kontribyab la asepte pwolonje peryòd la antanke yon akò vèsman pou peye dèt fiskal la oswa yon jijman tribinal otorize IRS la kolekte taks ki pa peye yo apre peryòd 10 lane a.
  • Gen sikonstans kote peryòd koleksyon 10 lane a ka sispann. Sa kapab rive lè IRS la pa kapab kolekte taks ki pa peye akoz fayit kontribyab la oswa genyen yon pwosedi koleksyon regilye ki enplike kontribyab la.
  • Yon avi legal pou peman ki pa fèt se yon lèt ki pwopoze taks adisyonèl kontribyab la dwe yo. Avi sa dwe genyen dat limit pou depoze yon petisyon nan tribinal fiskal la pou kontrekare montan ki pwopoze a.
  • Jeneralman, yon kontribyab kapab sijè a yon odit sèlman pa ane fiskal. IRS la ka relouvri yon odit pou yon ane fiskal anvan si ajans lan twouve sa nesesè. Sa ka rive, parekzanp si yon kontribyab depoze yon deklarasyon ki gen fwod.

Plis enfòmasyon

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)