Èd pou chwazi ant yon pastan oswa yon biznis

IRS Konsèy Enpo 2025-42, 24 jen 2025

Pastan ak biznis yo trete yon fason diferan lè y ap ranpli enpo yo. Pi gwo diferans ki genyen ant yo se ke biznis yo fonksyone pou fè pwofi tandiske pastan yo se pou plezi oswa rekreyasyon.

Nenpòt fason, si yo peye yo atravè aplikasyon peman pou machandiz ak sèvis pandan ane a, yo ka resevwa yon Fòm IRS 1099-K (an anglè) pou tranzaksyon sa yo. Peman sa yo se revni taksab epi yo dwe rapòte sou deklarasyon enpo federal yo.

Genyen kèk lòt bagay moun ta dwe konsidere lè y ap deside si pwojè yo a se yon pastan oswa yon biznis (an anglè). Pa gen yon sèl bagay ki faktè desizif. Kontribyab yo ta dwe revize tout faktè yo pou yo ka pran pi bon desizyon an.

Kesyon pou ede kontribyab yo deside si yo gen yon pastan oswa yon biznis

  • Èske gen entansyon pou fè pwofi?
  • Si aktivite a fè pwofi, konbyen li ye?
  • Èske yo ka espere fè yon pwofi nan lavni gras a apresyasyon byen yo itilize nan aktivite sa a?
  • Èske yo depann sou revni ki soti nan aktivite a pou yo viv?
  • Èske gen pèt ki rive akoz sikonstans ki pa anba kontwòl yo oswa èske pèt yo nòmal pou faz demaraj kalite biznis yo a?
  • Èske operasyon yo ajiste pou amelyore rentabilité?
  • Èske aktivite a ap fèt tankou yon biznis avèk rejis yo ak dosye yo konplè ak egzat?
  • Èske kontribyab la ak konseye li yo gen konesans ki nesesè pou yo fè aktivite a kòm yon biznis ki reyisi?

Kit kontribyab yo gen yon pastan oswa yo dirije yon biznis, bon jan dosye (an anglè) pandan tout ane a ap ede lè y ap ranpli enpo yo.

Plis enfòmasyon

Abòne pou Konsèy sou Enpo IRS yo (an anglè)