Fason pou ede ak sa pou veye lè w ap fè don apre yon katastwòf

Konsèy IRS sou Enpo 2025-61, 11 septanm 2025

Dezas yo ka rive nenpòt lè, nenpòt kote epi tout moun ta dwe pran mezi pou yo prepare pou pwochen dezas potansyèl la. Souvan, apre yon dezas, gen yon ogmantasyon nan fwòd ki vize ni sivivan yo ni moun ki vle ede yo.

Gen plizyè fason pou ede, men fason ki pi fasil la se fè yon don lajan bay yon òganizasyon charitab ki gen bon repitasyon ou chwazi. Malerezman, magouyè yo mete fo òganizasyon charitab pou mande don epi yo ka fè tèt yo pase pou anplwaye òganizasyon charitab lejitim oswa ajans federal pou pwofite sivivan dezas yo ak moun k ap eseye ede yo.

Kontribyab yo k ap bay lajan ta dwe sonje kèk bagay:

  • sèvi ak zouti Rechèch Òganizasyon ki Egzante Enpo (an anglè) IRS pou jwenn oswa verifye òganizasyon charitab ki kalifye yo. Donasyon yo bay òganizasyon charitab reyèl sa yo ka dedwi sou enpo.
  • Òganizasyon charitab lejitim yo pa mande kat kado, lajan kach, oswa transfè labank.
  • Toujou mande yon resi epi kenbe yon dosye sou chak donasyon.
  • Revize deklarasyon labank ak kat kredi ou yo ak anpil atansyon pou asire w ke montan donasyon yo egzak.

Magouyè yo ka fè bagay sa yo:

  • Pretann yo travay pou IRS oswa yon lòt ajans gouvènman.
  • Pran pòz reprezantan yon òganizasyon charitab lejitim pou mande lajan oswa enfòmasyon prive kontribyab ki gen bon entansyon.
  • Ka chanje idantifikasyon moun kap rele a pou fè l parèt tankou se yon òganizasyon lejitim k ap rele soti nan yon nimewo telefòn lejitim.
  • Fè deklarasyon vag ak santimantal men yo pa bay okenn detay sou kijan y ap itilize donasyon ou an.
  • Kreye fo sit entènèt ki itilize non ki sanble ak vrè òganizasyon charitab yo.
  • Souvan òganizasyon fo yo pretann donasyon yo ka dedwi sou enpo alòske se pa sa.

Sivivan dezas yo ta dwe konnen:

Sivivan dezas yo ka rele liy asistans dezas IRS la nan 866-562-5227. Reprezantan IRS yo ap reponn kesyon sou soulajman enepo oswa pwoblèm enpo ki gen rapò ak dezas la.

Bay yon don pou yon òganizasyon charitab se yon bon fason pou ede lòt moun apre yon dezas oswa yon ijans. Si kontribyab yo sispèk yon fwòd oswa eskwokri, yo ka rapòte l bay Komisyon Federal Komès la (an anglè).

Plis enfòmasyon

Abòne pou Konsèy Enpo IRS yo (an anglè)