Konsèy Enpo IRS 2025-33, 27 me 2025
IRS voye avi ak lèt lè li bezwen poze yon kesyon sou deklarasyon enpo federal yon kontribyab, pou fè yo konnen chanjman nan kont yo oswa mande yon peman. Pa panike si resevwa kourye lapòs ki soti nan IRS - yo la pou ede w.
Lè yon kontribyab resevwa kourye lapòs ki soti nan IRS, yo ta dwe:
Li lèt la avèk atansyon. Pifò lèt ak avi IRS yo konsène deklarasyon enpo federal oswa kont enpo. Chak avi pale de yon pwoblèm espesifik epi li gen ladan l nenpòt bagay kontribyab la bezwen fè. Yon avi ka fè referans a chanjman nan kont yon kontribyab, enpo ki dwe, yon demann peman oswa yon pwoblèm espesifik konsènan yon deklarasyon enpo. Lè w aji vit, sa ka minimize enterè ak penalite adisyonèl yo.
Analize enfòmasyon yo. Si yon lèt konsène yon deklarasyon enpo ki modifye oswa ki korije, kontribyab la ta dwe analize enfòmasyon yo epi konpare l ak deklarasyon orijinal la. Si kontribyab la dakò, li ta dwe pran nòt sou koreksyon yo sou kopi pèsonèl deklarasyon enpo li epi konsève l pou dosye li. Tipikman, yon kontribyab ap bezwen aji sèlman si li pa dakò ak enfòmasyon yo, si IRS mande plis enfòmasyon oswa si li gen yon montan ki dwe.
Pran nenpòt aksyon yo mande w, tankou fè yon peman. IRS ak ajans rekouvreman dèt prive ki otorize yo, voye lèt pa mwayen lapòs. Kontribyab yo kapab wè tou kopi dijital sèten avi IRS lè yo konekte sou Kont IRS Sou Entènèt yo a. IRS ofri plizyè opsyon (an anglè) pou ede kontribyab ki gen difikilte pou peye yon bòdwo enpo.
Reponn sèlman si yo di w fè sa . Kontribyab yo pa bezwen reponn yon avi sof si yo di yo espesyalman pou yo fè sa. Anjeneral, pa gen okenn nesesite pou rele IRS. Si yon kontribyab bezwen rele IRS, yo ta dwe itilize nimewo ki nan kwen anwo adwat avi a epi yo ta dwe gen yon kopi deklarasyon enpo yo a ak lèt la.
Fè IRS konnen si gen yon avi ki konteste. Si yon kontribyab pa dakò ak IRS, li dwe swiv enstriksyon ki nan avi a pou konteste sa avi a di. Kontribyab la dwe voye enfòmasyon ak dokiman pou IRS ka egzamine lè y ap konsidere kontestasyon an.
Kenbe lèt la oswa avi a nan dosye yo . Kontribyab yo ta dwe konsève avi oswa lèt yo resevwa nan men IRS. Sa enkli avi ajisteman lè IRS pran aksyon sou kont yon kontribyab. Kontribyab yo ta dwe konsève dosye pandan twa zan apati dat yo te depoze deklarasyon enpo a.
Fè atansyon a fwod
IRS pap janm kontakte yon kontribyab atravè rezo sosyal oswa mesaj tèks. Premye kontak IRS anjeneral vini nan kourye lapòs. Kontribyab ki pa sèten si yo dwe IRS lajan ka wè enfòmasyon sou kont enpo yo sou IRS.gov.