Ki moun ki kalifye pou Kredi Enpo sou Revni Touche (EITC)

Travayè ki gen revni ba oswa modere ki gen timoun ki kalifye yo ka elijib pou reklame Kredi Taks sou Revni touche (EITC) si sèten règ kalifikasyon aplike pou yo.

Ou ka kalifye pou EITC menm si ou pa kapab reklame timoun nan deklarasyon taks ou. Chèche konnen kijan pou reklame EITC a san yon timoun ki kalifye.

Règ kalifikasyon debaz yo

Pou kalifye pou EITC a, ou dwe:

Règ espesyal ki kalifye yo

EITC gen règ kalifikasyon espesyal pou:

Si w pa sèten ou kalifye pou EITC, sèvi ak Asistan EITC nou an.

Nimewo Sekirite Sosyal ki valab

Pou kalifye pou EITC a, ou menm, mari oswa madanm ou si w ranpli ansanm, ak timoun yo reklame a dwe gen yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) valab ki te pibliye nan oswa anvan dat limit deklarasyon enpo la (ki gen ladan ekstansyon).

Yon nimewo sekirite sosyal (SSN) pa valab pou EITC si:

  • Li te pibliye apre dat limit pou deklarasyon enpo la (ki gen ladan ekstansyon) oswa,
  • Li te pibliye sèlman pou aplike pou oswa resevwa yon benefis finanse pa gouvènman federal la (tankou Medicaid) epi li pa otorize w pou w travay.

Nòt: Si oumenm, mari oswa madanm ou, oswa pitit ou a gen yon kat sekirite sosyal ki ekri "Pa valab pou travay" sou li epi estati imigrasyon an chanje an yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan pèmanan, mande Administrasyon Sekirite Sosyal pou yon kat sekirite sosyal san lejand la.

Pou plis enfòmasyon sou règ nimewo Sekirite Sosyal pou EITC, gade Règ 2 nan Piblikasyon 596, Kredi pou Revni ou Touche (an anglè).

Sitwayen ameriken oswa rezidan etranje

Pou reklame EITC a, ou dwe yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan etranje pandan tout ane a (an anglè).

Si ou te yon etranje ki pa rezidan pou nenpòt ki pati nan ane fiskal la, ou sèlman reklame EITC a si sitiyasyon deklarasyon ou se marye k ap ranpli ansanm epi konjwen ou se yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan etranje epi ou chwazi pou yo trete w kòm yon rezidan ameriken.

Estati ranpli a

Pou kalifye pou EITC a, ou ka itilize youn nan estati sa yo:

Pou plis enfòmasyon, gade Piblikasyon 501, Depandan, Dediksyon Estanda, ak Enfòmasyon sou Ranpli (an anglè) oswa itilize Asistan Enpo Entèaktif (an anglè) pou jwenn estati deklarasyon w lan.

Marye Ranpli Separe

Ou ka reklame EITC a si w marye, si w pa ranpli yon deklarasyon ansanm, si w te gen yon timoun ki kalifye ki te abite avèk ou pou plis pase mwatye ane fiskal la epi youn nan sa ki annapre yo aplike.

  • Ou te viv apa de mari oswa madanm ou pou 6 dènye mwa ane fiskal yo, oswa
  • Ou te separe legalman daprè lwa eta w la anba yon akò separasyon alekri, oswa yon dekrè pou antretyen separe epi ou pa t abite nan menm kay ak mari oswa madanm ou nan fen ane fiskal la.

Chèf kay la

Ou ka reklame estati Chèf Kay la si ou pa marye, si ou te gen yon timoun ki kalifye k ap viv avèk ou plis pase mwatye ane a, epi ou te peye plis pase mwatye depans pou kenbe kay ou.

Depans yo enkli:

  • Lwaye, enterè ipotèk, enpo sou byen imobilye ak asirans kay
  • Reparasyon ak sèvis piblik
  • Manje yo manje nan kay la
  • Gen kèk depans ki peye ak asistans piblik

Depans yo pa enkli:

  • Rad, edikasyon, ak depans vakans
  • Tretman medikal, peman asirans medikal ak medikaman sou preskripsyon
  • Asirans vi
  • Depans transpò tankou asirans, peman lokasyon oswa transpò piblik
  • Valè lokasyon yon kay ou posede
  • Valè sèvis ou yo oswa sèvis yon manm nan kay la

Konjwen sivivan ki kalifye

Pou ranpli kòm yon vèv ki kalifye, tout bagay sa yo dwe aplike pou ou:

  • Ou te kapab ranpli yon deklarasyon ansanm ak mari oswa madanm ou pou ane fiskal yo te mouri a.
  • Konjwen w te mouri mwens pase 2 zan anvan ane fiskal w ap reklame EITC a, epi ou pa t remarye anvan fen ane sa a.
  • Ou te peye plis pase mwatye pri pou kenbe yon kay pou ane a.
  • Ou gen yon timoun oswa bèlfi ou ka reklame kòm yon fanmi (an anglè) (sa pa enkli yon timoun adoptif) epi timoun nan te rete lakay ou tout ane a.

Nòt: Gen eksepsyon pou absans tanporè ak pou yon timoun ki fèt oswa ki mouri pandan ane a ak pou yon timoun kidnape. Pou plis enfòmasyon, gade Règ pou Timoun ki Kalifye, Rezidans (an anglè).

Reklame EITC san yon timoun ki kalifye

Ou ka reklame EITC a san yon timoun ki kalifye si ou satisfè règ debaz kalifikasyon EITC yo epi ou:

  • Te rete Ozetazini pou plis pase mwatye ane fiskal la. Etazini (an anglè) gen ladan 50 eta yo, Distri Kolonbi a ak baz militè ameriken yo. Li pa gen ladan teritwa ameriken tankou Guam, Zile Vyèj yo oswa Pòtoriko.
  • Ou pa ka deklare li kòm timoun kalifye (an anglè) yon lòt kontribyab ouswa depandan ki sou kont (an anglè) yon lòt moun.
  • Satisfè kondisyon laj yo (an anglè). Ou dwe gen omwen 25 an men mwens ke 65 an nan fen ane a. Si w marye epi w ap ranpli yon deklarasyon ansanm, omwen youn mari oswa madanm dwe satisfè règ laj la.

Lòt kredi ou ka kalifye pou yo

Si w kalifye pou EITC, ou ka kalifye tou pou lòt kredi enpo.

Resous