Revni brit ajiste ou (AGI) se revni total (brit) ki soti nan tout sous mwens kèk ajisteman. Revni brit ajiste modifye ou (MAGI) se revni brit ajiste ou a plis kèk dediksyon ajoute.
Sou paj sa a
Definisyon MAGI pou eleman espesifik yo
Lè ou bezwen AGI ou a
Ou ka bezwen AGI ou a pou:
- Konfime idantite w lè w ap ranpli deklarasyon w lan elektwonikman
- Kalifye pou kredi enpo ak lòt benefis
Kijan pou kalkile AGI ou a
Kòmanse pa kalkile revni total (brit) ou ki soti nan tout sous. Sa gen ladan salè, dividann, pwofi kapital, revni biznis ak retrèt, ak tout lòt fòm revni. Pa egzanp, revni ki gen ladan tip, lwaye, enterè, dividann aksyon, elatriye.
Pou kalkile revni brit ajiste ou a, pran revni brit ou a epi retire kèk ajisteman tankou:
- Pansyon alimantè
- Depans edikatè
- Kèk depans biznis - rezèvis, atis pèfòmans, fonksyonè gouvènman ki peye frè
- Kontribisyon HSA deduktif yo (an anglè)
- Kontribisyon IRA deduktif yo
- Depans demenajman (an anglè) – militè sèlman
- Enpo deduktif sou travay endepandan (an anglè)
- Penalite pou retrè bonè nan ekonomi (an anglè)
- Kontribisyon pou retrèt
- Enterè sou prè elèv
Jwenn plis sou:
Tout ajisteman nan revni (an anglè), Enstriksyon Fòm 1040, Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Etazini.
Lòt depans (an anglè) pou kalkile AGI ou a
Ki sa ki enkli nan revni taksab la
Si w sèvi ak yon lojisyèl pou prepare deklarasyon w lan, l ap kalkile AGI w la otomatikman. Ou antre AGI w la sou liy 11 nan Fòm 1040, Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Etazini.
Ki kote pou jwenn AGI ou a
Ou ka jwenn AGI ou a:
- Nan Kont Sou Entènèt ou a
- Sou deklarasyon enpo ane pase a – mande yon kopi
Revni brit ajiste modifye
Revni brit ajiste modifye ou (MAGI) se revni brit ajiste ou a avèk kèk dediksyon ki ajoute. MAGI ou a se pa sèlman konpansasyon ou (an anglè). Li ka gen ladan enterè, dividann ak revni ki soti nan distribisyon IRA. Li ajoute tou revni oswa benefis ou nòmalman ta ka eskli nan revni ou pou kalkile enpo w.
Lè ou bezwen MAGI ou a
Ou sèvi ak revni brit ajiste modifye ou a pou kalkile l:
- Gen kèk kredi, tankou Kredi Enpo pou Timoun ak Kredi Enpo pou Adopsyon
- Dediksyon pou kontribisyon IRA yo
- Eksklizyon pou kèk kalite revni tankou revni enterè obligasyon epay
Baze sou MAGI ou a, ou jwenn yon montan diferan pou chak kredi, dediksyon ak revni ou ka eskli nan enpo.
Kijan pou kalkile MAGI ou a
Ou kalkile MAGI ou a dapre dediksyon enpo oswa kredi w ap pran an.
Definisyon MAGI pou kredi, dediksyon ak enpo espesifik yo:
Pran AGI ou a epi ajoute:
- Revni ki pa enkli pou rezidan Pòtoriko ak Samoa Ameriken yo
- Revni ki touche aletranje ak lojman ki pa enkli nan revni ou
- Dediksyon pou lojman aletranje
Yo kalkile MAGI pou benefis edikasyon sa yo menm jan an:
- Kredi Enpo Edikasyon
- Kredi Aprantisaj pou Tout Lavi
- Kredi Opòtinite Ameriken
- Kont Epay Edikasyon Coverdell
Pran AGI ou a epi ajoute:
- Revni ou touche aletranje ak lojman ki pa enkli nan revni ou
- Dediksyon pou lojman aletranje
- Revni ki pa enkli pou rezidan Pòtoriko ak Samoa Ameriken yo
Benefis Fiskal pou Edikasyon, Piblikasyon 970 (an anglè) PDF
Kont Epay Edikasyon Coverdell
Pran AGI ou a epi ajoute:
- Dediksyon enterè sou prè elèv
- Revni ou touche aletranje ak lojman ki pa enkli nan revni ou
- Dediksyon pou lojman aletranje
- Eksklizyon revni pou rezidan Pòtoriko ak Samoa Ameriken yo
- Benefis adopsyon ke anplwayè a te bay ki pa enkli nan revni an
Benefis Fiskal pou Edikasyon, Piblikasyon 970 (an anglè) PDF
Pran AGI ou a epi ajoute:
- Revni ou touche aletranje
- Enterè ki egzante enpo
- Benefis Sekirite Sosyal ou ki pa taksab
Enstriksyon pou Fòm 8962, Kredi Enpo pou Prim (PTC) (an anglè) PDF
MAGI pou dediksyon IRA tradisyonèl yo
Pran AGI ou a epi ajoute:
- Dediksyon enterè sou prè elèv
- Enterè sou obligasyon epay ki ka eskli
- Benefis adopsyon ke anplwayè a te bay ki pa enkli nan revni an
- Revni ki touche nan peyi aletranje oswa lojman ki pa enkli nan revni an
- Dediksyon pou lojman aletranje
Pou ane 2024 la, ou ka dedwi kontribisyon IRA tradisyonèl ou yo dapre limit revni MAGI sa yo si w gen yon plan retrèt nan travay ou:
- $123 001 - $143 000 si w ap ranli kòm marye, w ap ranpli ansanm oswa si w ap ranpli kòm mari oswa madanm sivivan ki kalifye.
- $77 001 - $87 000 si w ap ranpli dosye a kòm selibatè oswa chèf fanmi
- Mwens pase $10 000 si ou ranpli kòm marye epi ou ranpli separeman
Kontribisyon yo nan Aranjman Retrèt Endividyèl (IRA), Piblikasyon 590-A (2023) (an anglè)
MAGI pou kontribisyon Roth IRA yo
Pran AGI ou epi:
- Ajoute dediksyon IRA tradisyonèl yo - Orè 1 (Fòm 1040), liy 20
- Soustrè revni nan konvèti yon IRA (ki pa yon IRA Roth) nan yon IRA Roth - Fòm 1040 oswa 1040-SR, liy 4b
- Soustrè transfè lajan ki soti nan yon plan retrèt kalifye pou ale nan yon Roth IRA - Fòm 1040 oswa 1040-SR, liy 5b)
Pou ane 2024 la, ou ka kontribye nan yon Roth IRA si ou gen yon konpansasyon taksab (an anglè) ak yon MAGI (an anglè) ki mwens pase montan revni anyèl ou a pou estati deklarasyon ou an:
- Moun marye k ap ranpli ansanm - $240 000
- Moun marye k ap ranpli separe - $10 000
- Tout lòt yo - $161 000
Si revni mwayèn anyèl ou (MAGI) ki kalkile dapre Roth la pi plis pase montan revni anyèl ou a pou estati deklarasyon enpo w la:
Ou ka kalkile revni brit ajiste ou (AGI) ki baze sou lòt revni ak pèt ki depann de AGI ou pou kontribisyon Roth IRA yo:
- Revni Sekirite Sosyal – Jwenn plis enfòmasyon nan Kontribisyon pou Aranjman Retrèt Endividyèl (IRA), Piblikasyon 590-A (an anglè)
- Pèt aktivite pasif
Sèvi ak MAGI ou a pou detèmine si ou dwe peye enpo sou envestisman nèt la. Tache Fòm 8960, Enpo sou Revni Envestisman Nèt Endividyèl,Imobilye, ak Fidisi (an anglè) nan deklarasyon ou si MAGI ou a pi gran pase montan limit ki aplikab la.
Pran AGI ou a, epi ajoute:
- Revni ou touche nan peyi aletranje ki pa enkli nan revni ou ak ajisteman pou envestisman aletranje
- Dediksyon sou revni w touche nan peyi aletranje
Ajoute oswa soustrè ajisteman an pou pwofi oswa pèt sou dispozisyon an:
- Yon sosyete etranje kontwole (CFC) oswa yon fon elektoral kalifye (QEF)
- Yon enterè nan yon patenarya domestik oswa yon sosyete S ki gen yon CFC oswa yon QEF
Enstriksyon pou Fòm 8960, Enpo sou Revni Envestisman Net—Endividi, Imobilye, ak Fidisi (an anglè)